Ayiti

Category: Religion & Spirituality,

Ayiti tounen vin jwenn Bondye

By: Apot Odule Bitol

$11.99

About the Book
Istwa toujou bezwen yon moun ki pou kòmanse l. Nan kòmansman Bondye kreye syèl la ak tè a. Apre sa Bondye Chache jwenn yon moun ki gen kè ki dwat pou l ka kontinye istwa.

Depi nan kòmansman jouk jounen jodi a, te toujou gen nonm ak fanm ki se moun Bondye ki chwazi kite tout bagay pou yo reponn ak apèl Bondye.

Apre tout rimè nou fin tande sou nasyon sa, mwen kwè gen kèk nan nou pami tout moun ki sou latè k ap poze tèt nou kesyon sa a : « sa k ap pase nan reyèlman an ayiti la? » jodi a, mwen ta renmen ede nou konprann reyalite nasyon sa. Bondye se repons nou, menm jan li te repons pou pèp Niniv lan ak pèp izrayèl la lè yo pa t konnen sa pou yo fè.

Nan ane 1904, Galwa yo t ap pase yon moman ki te difisil anpil. Bondye toupisan an te fe pwovizyon pou yo, pou yo te kapab soti anba nan sa yo te ye a. Bondye te pete yon kokenn chenn revèy espirityèl nan mitan yo tankou li te fè nan jou lapannkòt la, konsa nasyon sa a te kòmanse ekri yon lòt paj istwa.

Objektif mwen, gras ak sipò priyè nou, se ekri yon lot paj istwa pou nasyon Ayisyèn an kapab soti anba grif ansíen lisifè, zanj limyè ki te tonbe nan fè nwa a epi ki sere kle pwosperite no unan fon lanfè depi plis pase desanzan

Menm jan lè wa neboukadneza t ap chache jwenn yon repons pou l te kapab konnen sa k gen pou rive , li te jwenn li anwo. Paske se Bondye ki te repons lan e se Bondye ki toujou repons lan jouk jounen jodi a e pou tout tan gen tan. kidonk, pwoblèm nasyon nou an e pwoblèm tout lòt nasyon ki nan mond lan pa ni sosyal, ni materyèl, men se yon pwoblèm espirityèl. Nou dwe tounen vin jwenn Bondye paske li se repons lan. Mwen priye Bonndye pou l kontinye beni nou e pi pou l ban nou lajwa nan liv sa a.

About the Author
Remèsiman
Mwen vle sezi okazyon sa a pou m remèsye fanmi m, an patikilye madanm mwen Myrlène ak pitit mwen yo, m ap di mèsi ak chak frè e sè m yo an Jezi kris pou sipò yo te ban m nan moman mwen te plis bezwen l lan. M ap pwofite tou pou m voye yon gwo kout chapo pou editè mwen.
Mwen mande Bondye toupisan an pou li beni nou nan tout sa n ap fè !

Read More

20-22 Wenlock Road, London N1 7GU +44-20-3656-5431

6065 Roswell Road, #450 Atlanta, GA 30328-4011 +1 855 515 1361

Payments made through this site are secure.